JEWOGRAFI

   

KLIMA 

Ansdeno chita nan 74°  29 nan lonjitid wès epi 18°  31 nan latitid nò. Nan nò Ansdeno ou jwenn Dammari, nan sid ou jwenn Lezirwa, nan lès ou jwenn Chanbelan epi nan lwès se lanmè (40 kilomèt konsa pou ale nan lil Lanavaz).

      Nan lane 1982 lè yo tap konte moun, ansdeno ak 4 seksyon riral li yo te gen 22.275 moun. 

SEKSYON RIRAL

        Komin Ansdeno gen 4 seksyon kominal; Grandwa, Boudon, Lilèt, ak Mandou.

AGWONOMI

        Nan tan lontan zafè agwonomi te bon anpil nan Ansdeno. Chak ane abitan te konn voye vann:

500,000

liv kafe

300,000 liv kakawo
2,500,000 planch kanpèch
3,000,000 rejim fig

                                                                    Banbou, bwa pou fè bato, yanm, banann, ak foui te fè kenken nan Ansdeno.  Yo voye vann Kafe ak Kakawo nan peyi Etazini ak peyi Lewòp yo epi tout rès bagay yo te vann nan Jeremi ak Pòtoprens. Men depi yo fèmen pò a pou yo pa vann bagay nan lòt peyi A, abitan nan Ansdeno pa plante anpil kafe ak kakawo anko. 

            Jis kounyeya abitan fè efò pou yo plante banann , fig, kafe, kakawo, yanm, malanga, mango men pa gen  wout pou yo ale vann yo lòt kote, pri kafe ak kakawo bese anpil. Abitan yo blije koupe pye bwa  se sak fè  bon tè a fin ale lè lapli vini. Ak tou sa li difisil pou ou manke manje nan Ansdeno. 

LAPÈCH

      Lapèch la ede pechè yo anpil sitou lè  PADI ki vle di (Projet de Peche Ansdeno, Dammari, Lezirwa) tabli nan peyi a.

TRANSPÒ

      Gen 2 jan ou ka ale Ansdeno: nan bato oubyen nan machin. Gen defwa touris yo pran avyon yo desanm nan ayewopò Dammari a.