|
Ansdeno (Anse d’Hainault) yon ti vil ki chita nan yon ans epi li pote non you franse ki te rele Hainault. Franse sa a te gen tè bò Jeremi ki se metwopòl nan depatman Grandans la. Ansdeno se youn nan pi bèl vil nan Grandans la paske li gen bèl plaj, bèl mòn, li sitiye you bon kote, li gen anpil kalite manje. Nan lane 1798 Moreau de St Remy refè fondasyon vil la lè yo te fòse anle yo sote nan fò lilèt. Lè sa a Ansdeno te rele Fò Lilèt. Nan lane 1817 Ansdeno te you komin epi te koumanse gen anpil moun kap achte ak vann manje nan peyi etranje. Ansdeno te bon anpil sitou nan lane 1940 lè camyon ak bato rantre nan vil la pou charye 22,000 rejim fig konsa pou yal vann nan lot peyi. Rejim fig bato yo pa pote te rete sou waf la epi moun gen dwa pran yo jan yo vle. Nan tan sa a peyizan yo jwen lajan nan men yo chak semenn san grandon pa pran ladan l’, pòv pat lonje men yo pou yo mande paske yo te jwenn aran, veritab, fig, banann ak lòt bagay ankò ki te rete nan mache a. Ansdeno
gen anpil efò pou l’ fè pou l’ ka rive devlope sitou nan
zafè lekòl. Pa
gen ase lekòl pou timoun ale. Kounyeya gen
de lekòl segondè sèlman. You lise
ki rive nan klas retorik.
Se premye fwa nan listwa ansdeno gen yon lekòl ki rive
nan klas retorik. Nan lane 1998, 5 nan elèv sa yo te pase nan
klas retorik. Pa
gen lekòl pou moun aprann metye se sak fè timoun ki fini klas
yo ale Jeremi oubyen Pòtoprens. Zafè
sante a pa bon ditou. Moun pa jwenn ase medikaman, doktè pou ba
yo bon laswenyaj menm si gen you lopital ki gen 25 kabann ladan
l’ avèk you lòt sant sante
ankò. Ansdeno gen sis relijyon: Advantis, Batis, Palafwa, Vodou, Episkopal, ak Katolik. Men pi fò moun nan Ansdeno se Katolik. Asndeno te paroisse depi lanne 1872.
|